COSCNO: Selebrasyon Jounen Mondayal Gramoun yo nan Nòdwès

284

10\02\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Plis Pase yon sentèn Ti granmoun , sou inisyativ COSCNO (Konfederasyon Òganizasyon Sosyete Sivil Nòdwès) ki te soti nan kàt kwen depatman Nòdwès la, te reponn prezan, jounen jedi 1e oktòb 2020 saa, anndan sal pawasyal Katedral Pòdpè a, pou selebre “Jounen Mondayal Granmoun” yo sou tèm: “Enpòtans granmoun yo nan Sosyete a”. Seri aktivite sa yo te dewoule anprezans Ajan Egzekitif Enterimè komen Pòdpè a , Madàm Yanick Auguste, Delege de vil, ansyen majistra komen Pòdpè a, Msye Charles Guillet Salvador pou nou site sa yo sèlman.

Ajan Egzekitif Enterimè komen Pòdpè a, madàm Yanick Auguste ki te pran lapawòl nan okazyon an, plede anfavè Tigranmoun sa yo ki lage bra balanse nan peyi a dwe gen Enstans ki asiste yo pandan l swete pou “Jounen Mondayal Granmoun” yo vin tounen yon reyalite nan peyi Dayiti.

Kowòdonatris Konfederasyon Òganizasyon Sosyete Sivil Nòdwès la (COSCNO), Madàm Louis Elmencia, bò kote pa l, fè konnen, nan kad yon ankèt, li rive rekrite yon santèn Tigranmoun ki plis nan bezwen pou Òganizasyon li an akonpanye chak mwa pandan l ankouraje mouche Leta pou l pran responsabilite l vizavi Tigranmoun sa yo ki pa menm gen kote pou yo rete.

Anpil granmoun pa t mete dlo nan bouch yo pou di se premye fwa yo jwenn yon tèl ankadreman, pa’t kache kontantman yo pou di se konya yo santi y ap viv depi granmoun bare yo.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.