Yon gwoup manifestan mete dife nan lakou anbasab Kanada a nan Pòtoprens.

871

03 – 07 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Mouvman kraze brize a nan Pòtoprens kòmanse pran direksyon anbasab yo. Nan yon bat je, plizyè manifestan ki te ankolè aprèmidi 7 mas 2024 la, mete dife nan lakou anbasab Kanada a nan Pòtopwens.

Pou te anpeche manifestan yo mete dife nan batiman an, ajan PNH yo ki gen fòs yo sèlman sou pèp la, pat reflechi ta pral vide gaz lakrimojèn epi chante kout bal nan dègonn plizyè jèn fanm ak jèn gason ki te deside flanbe bwat diplomatik la.

Pou moman n ap pale la a, ajan souflantchou PNH yo te rale anpil bwas ou tantativ pou repwann perimèt la anbasad la, yon evènman ki diplis ki ajoute sou gwo van panik kap soufle pou yon bon bout tan nan kapital la, Pòtopwens.

Li enpòtan pou sinyale, peyi Kanada pami plizyè lòt gwo peyi tankou Etazini ak Lafwans ke popilasyon ayisyèn nan kalifye kòm kolon kriminèl eksplwàtè ki ajenou sou kou Ayiti e travay pou mete li nan sa li ye la.

Enel Richard

Comments are closed.