12 mas 2021-12 mas 2022 yon lane depi yon operasyon PNH ta pral echwe nan Village de Dieu.

2,505

03/12/2022

12 Mas 2021- 12 Mas 2022, sa fè egzakteman yon lane depi divès inite polis Nasyonal Peyi Dayiti ki donk, Swat, BOID ta pral pase move moman anba men bandi nan vilaj de Dieu.

Yon dràm ki te soulve anpil endinyasyon e ki ta pral mete dlo nan je anpil manman pitit e okazyone lanmò anviwon 5 polisye ak plis pase 10 lòt ki te blese grav e flanbe anba gwo flanm dife san konte yon veyikil blende ki ta pral pase anba dife ak yon lòt ke bandi yo ta pral sezi.

Li enpòtan pou konnen jis jounen jodia lapolis ak manman polisye yo pa janm konnen kisa kò polisye yo devni. Se yon sitiyasyon ki te pèmèt anpil kritik tap lonje dwàt jouda sou direktè jeneral a.i. PNH la ke moun kalifye kretinis ak konplotè nan voye jèn polisye mouri bèt.
Genson HYPPOLITE

Comments are closed.