Me ki sa ki kapab rive nan yon peyi, lè moun ki pa moun vle dirije moun! Dirijan lakay merite pann sou plas piblik!

700
1
Share:
TRiboLAND

Enel Richard

Dràm tout kalite pa sispann montre enòmite lanfè kotidyen pèp ayisyen an, ki se yon veritab degoutans ak endinyasyon pou moun ki konprann ki sa lavi reprezante devan je limanite.

Yon sènn tris e revòltan, ki pa diferan de tout lòt ki pase deja yo, pa janm entèpele dirijan sansal politichyen ayisyen yo ki mare sosis yo ak etranje pou fasilite yon parèy lanfè nwa devan je rès monn lan. Imaj trajik, kè sere sila, kote ke yon ti jènn gason ap manevre ak yon bourèt ki genyen anndan li rès kò frè li ke bandi bwile sou oken fòm prosè. Sèl peche nanm vilnerab sila yo komèt, se paske yo nwa e yo egalman fèt nan peyi Dayiti.

Kidonk, yon parèy dràm revòltan, kap pase anba je swadizan òganizasyon mondyàl kap veye sou dwà moun, pa arive entèpele konsyans yon pakèt antite, ki pa fè lòt bagay se konplote nan nivo mondyàl ak nasyonal pou ekstèmine yon parèy ras, ki pat fè lòt bagay sinon rann tèt li libète anba yon sistèm esklavaj kriminèl anti-moun.

Pa genyen lòt mo pou defini tribilasyon ou soufrans pèp ayisyen ke anpil kriminèl rasis atravè monn sila trouve ki nòmal. Yo detwi nou avèk kolora, komès zam, dekapitalize enstitisyon bankè nou yo, yo anvayi nou sou pretèks nou se sovaj, yo fè dwòg antre lakay nou, yon fason pou jwenn pretèks pou metbòt kriminèl yo sou tèritwà nou, yo kraze edikasyon nou, yo pran yon bon pati nan tèritwà nou yo, yon ban nou bandi lagal ak gang sangwen, yon bannou pote etikèt moun ki vini avèk sida, se chyen ak chat ki pi bon vyann pou nou, yo enfekte rivyè nou yo ak matyè fekal, yo etrangle mache pwodiksyon lokal nou, yo menm fè yon seri eksperimantasyon sou nou san sa pa devwale, yo divize nou pou yo kapab renye, yo enpoze nou eleksyon pike kole ki pou jwe anfavè yo e latriye.

Pandan ke nap tante esoufle pou yon dènye fwa avan retou sistèm esklavajis la, nou reyalize “Latè” bay plis moun ki mechan, bosal, satan ak esèvele mantal ke moun ki sanble ak imaj Bondye!

Share:

1 comment

Leave a reply