Popilasyon nan Sen Lwi Dinò kanpe an bandoulyè pou pa kite materyèl TPTC yo al sèvi lòt kote

2,021

Pòdpè_____(TRiboLAND) li te vè 6 zè swa jodi madi 8 mas 2022 a lè popilasyon an nan Sen Lwi Dinò rele chalbari dèyè yon ekip kite vin brote materyèl TPTC yo nan komin depatman Nòdwès la.

Divès sitwayen te kanpe anbandisyon yon manyè pout e kanpe an bandoulyè devan yon ekip teknisyen ki te soti pou  brote ale Gwomònn yon latriye ekipman ki te dezinye pou antreprann yon seri travay enfwastrikti nan Sen Lwi Dinò. “Nou pa kapab kay pè pou nou mouri chwàl”, dapwè refleksyon youn nan pwotestatè yo.

Popilasyon an kite move kou Kong te ofwi anpil rezistans. Yo erije gwo barikad devan kon dèyè; pou yo menm, ti mari pap monte ti mari pap desann. Konsa, ekip teknisyen yo te oblije kase tèt tounen

Li enpòtan pou konnen sapa gen anpil tan kote manm asosyasyon travayè chofè machin Pòdpè–Sen Lwi Dinò yo te manifeste e bloke twonson wout sila, yon mannyè pou mande mouche Leta koupyon an respekte dwa ak lavi sitwàyen yok ap sèkile sou twonson wout sila.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.