Se fini pou seleksyon Ayisyèn Foutbòl U20 medam yo.

2,463

John Jean Jacques – 03/08/2022

Seleksyon Ayisyen U20 medam yo ki te angaje li nan chanpyona Konnkakaf la, jwenn eliminasyon li fas ak ekip amerikèn nan, jodi madi 8 mas 2022 a.

Malgre mank preparasyon, ekip Fiorda Charles la, te janbe faz de gwoup yo ak 5 pwen, ki te ba yo aksè a 8e de final, kote yo te rankontre ak Giyàn, yon ekip ke Seleksyon Ayisyèn nan te genyen 2-1 poul te kapab kalifye pou ka definal yo. Grenadyéz yo, nan faz sila a, ki tap troke kòn yo ak Etazini tonbe trè fò.

Nan yon match lajman domine anba grif seleksyon amerikèn an, koekipyèz Dayana Pierre-Louis pat gen ase mwayen pou reponn a aso advèsè a. Sitiyasyon sila a te lakòz yo ta pral depase èzevenman yo e imilye anba teknikalite amerikèn yo 6-0.

Depi nan 8e minit amerikèn yo te pran avantaj jwèt la (1-0), yon gòl ki te enskri anba lobedyans E. Mason. Malgre siperyorite ekip Etazini an, premyè mitan match Foutbòl la te fini 1-0.

Aprè 15 minit poz la, de ekip yo te retounen sou teren pou 2e peryòd match la. Nan peryòd sila a, ekip ayisyèn nan te wè e konnen tout koulè ki gen nan lakansyèl la. Yo ta pral ankese 5 gòl (À. Thompson 50e – S. Jackson 68e – Della Peruta 78e – A Patterson 87e ak M. Cooper 90+3). Yon ekip etazini tou fe tou flam ki pouse do Grenadyèz yo deyò e file nan demi final konpetisyon an.



Comments are closed.