Spò : Final Chanpyona Entèzòn Nòdwès la pa fini

2,530

07-24-2022

Pòdpè, Ayiti _______ (TriboLAND) Chanpyona Entèzòn Nòdwès la, ki te kòmanse 17 jen ki tap fini 23 jiyè 2022 a, sou Pak Kapwa Lamò a nan Pòdpè, poko fini. Rankont ki te opoze ekip FC Classique la ki soti Basen Ble ak ekip FC Lion ki orijinè zòn Vye Remi pa rive fini.

Anpil aktivite ki te prevwa pou final la pa rive fèt akoz feblès planifikasyon bò kote komite òganizatè a; ekip yo non plis pa vini alè, yon siyasyon ki koz match la kòmanse vè 5è 25 nan aprèmidi.

Tan reglemantè a fini, youn nan ekip yo pat rive fè gòl. Daprè lwa Foutbòl la, yo ta sipoze jwe 2 kadè ankò, yon bagay ki pa janm respekte fasil nan peyi Dayiti ta pral voye ekip yo nan penalite dirèk.

Sou 5 pennalite chak ekip gen pou te tire, yo chak bay 2 e rate 3, fè nwa vin koz responsab ekip FC Lion yo pa deside kontinye choute pandan mesye Basen Ble te gen veleyite pou kontinye choute.

Pou konnya, poko gen oken dat ki retni pou konnen kilè final la ap rejwe. Plizyè santèn moun ki te prezan pou te asiste a yon parèy final chòk, pat pran tan pou mande komite òganizatè a desann pri match la si tout fwà final ap rejwe paske yo pap vin peye 150 goud ankò.



Comments are closed.