Yon kamyon baskil woule nan Mòn Jibile nan sant vil Senlwidinò.

876

01-31-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon kamyon baskil pèdi fren nan Mòn Jibile nan sant vil Senlwidinò, jounen lendi 30 janvye 2023 a. Se gras ak yon pye kajou ki sove kay ak lavi moun kap viv nan zòn sa a.

Souvan konn gen tèrib aksidan ki pwodwi nan Mòn Jibile, kote kay konn kraze, moun mouri, men otorite yo pa janm pran okenn mezi pou frennen jan daksidan sa yo. Eske se moun ak kay yap tann kraze pou gen yon entèvansyon ki fèt?

Pou moun kap viv nan lokalite a; yap dòmi yon je ouvè ak yon je fèmen paske nenpòt ti erè yon chofè ta fè, lap gen pou koute yo lavi yon pakèt moun.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.