Gwo troke kònn ant 2 gwoup gang sangwen ame : plizye moun nan popilasyon Bèlè ap mande asistans!

547

04/01/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Bandi gwoup gang achte nan jou sa yo Bèlè lajan konte. Yo troke kònn yo lè yo vle e jan yo vle nan fè zàm chante pou kontwole tèritwà depi 2 jou. Gwoup gang kap feraye nan fè krim nan katye Bèlè, nan zòn Delma 2 ak 3.

Batay so yo pou anpil temwen deja fè plizyè blese gravman grav ak yon mò. Jiska byen ta nan fen jounen jedi premye avril 2021 an, moun te ka tande yon seri konsè kout zàm nan blòk Delma 6 ki kreye gwo latwoublay ak panik.

Konsa, anpil rezidan ki arive chape poul yo lonje dwàt jouda sou gang sangwen a ki rele “Krache Dife”.

Comments are closed.