Tansyon alantou Mèri Pòdpè a : Popilasyon an mande responsablite ak transparans

119
0
Share:
TRiboLAND

06/24/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon reyinyon ki te fèt ant kèk responsab nan Chanm Komès ak Endistri Nòdwès la (CCINO) ansanm ak Ajan Egzekitif Enterimè Komin Pòdpè a, Ralph Moreau nan jou ki sot pase la yo, ta mete an limyè kèk dezakò k ap brase bil nan diferan sektè nan vil la. Dapre enfòmasyon k ap sikile, plizyè manm CCINO ki gen bon lanmou pou vil Pòdpe sou kè yo, eksprime enkyetid yo devan sa yo konsidere kòm tantativ yon ti gwoup mesken ki deside itilize enfliyans politik ak konfli pèsonèl pou afebli repitasyon enstitisyon ak destabilize fonksyònman administrasyon kominal la.

Selon menm enfòmasyon yo, ti gwoup sa a ta ap fè presyon sou otorite minisipal yo nan objektif pou ogmante enfliyans dap piyanp li sou jesyon Mèri a. Gen sous ki fè konnen kèk nan aktè nan mitan mè yo ta jwe yon wòl nan kriz ki te mennen nan demisyon ansyen Direktè Jeneral la, apre yo pat rive jwenn rezilta yo t ap chèche yo nan zafè jesyon sèten resous komin nan. Toujou dapre enfòmasyon yo, dekouvèt kèk vye pwatik mèt dam ou delwayàl (konpwomisyon) te soulve egalman kesyon bò kote yon anplwaye ki gen konpetans nan domèn enfòmatik, dekouvri sistèm enfòmatik ke Direkte administratif la tap tante enstale nan Meri a, te konekte ak lòt sektè ou rezo ki gen aksè pou kontwonle tout sa kap fèt nan Meri a.

Antouka, konpòtman trèt ak delwayàl sila ta pral fè kèk bouch majistra lonje akoz mank konfidansyalite; konsa, kèk nan yo pat menm deside pran lòd nan men Direktè administratif la, ki finalman deside demisyone san chwazi chita avèk majistra yo.

Daprè la lwa nan lòt peyi ou petèt anndan peyi Dayiti, se yon gwo krim ke li ye, lè yon teknisyen ou yon anplwàyè Leta ta deside vonlontèman livre ou mete deyò enfòmasyon konfidansyèl lòt sitwayen ki sansib, bay lòt moun ou antite ki pa otorize san yon baz legal. Si efektivman, yon parèy zak malonèt ta arive manniganse nan minisipalite Meri Pòdpè a, yon gwo ankèt ta dwe deja nan wout pou fè limyè sou konfidansyalite ak responsabilite nan sèvis piblik.

Fas ak klima sila, plizyè sitwayen ap mande pou tout aktè yo mete enterè vil Pòdpè a anvan enterè pèsonèl oswa gwoup. Yo lanse yon apèl bay Majistra Ralph Moreau pou l kontinye egzèse leadership li avèk sans responsablite ak transparans, pandan y ap envite tout sektè ki konsène yo privilejye dyalòg, kolaborasyon ak respè mityèl. Pou anpil obsèvatè, devlopman vil la mande plis inite ak vizyon kolektif pase rivalite ak konfli ki kapab ralanti pwogrè kominote a.

“ Zenyè ak Renmen Wè” pa sispann poze kesyon : kòman yon seri espès mal entansyone kap eseye antre anndan baskou politik Nòdwès la, deja ap enplike tèt yo nan yon seri aktivite kriminèl ki pou demantle enstitisyon etatik yo nan depatman an?

Share:

Leave a reply