Nan okasyon jounen entanasyonal dwa fanm, lidè tèt kole Peyizan an Pierre Joseph fè yon gwo pledwari sou dwa Fanm yo.

2,048

Louis Jameson – 03/08/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan okazyon jounen entanasyonal dwa fanm yo nan lemonn, pasaj Pierre Joseph ki se youn nan lidè tèt kole pou peyizan nan vil Pòdpè fè yon gwo pledwari sou dwa fanm yo genyen ak valè yo tou, selon li menm ki kwè Akò Montana mete anfas sou yon parèy demach.

Pou Pierre Joseph, 8 mas nan peyi Dayiti toujou bafre, minimize epi detounen anba grif yon latriye kandida malmaske e tèt anba, pati politik k ap fè medam yo konprann se jounen fèt yo alòske jan tout moun konnen, lit fanm yo mennen nan plizyè kwen lemonn patikilyèman nan vil Chicago ak peyi Larisi konnen yon seri etap istorik.

Yon bò, mouche Joseph vle fè konnen prezans li vin ede popilasyon an konprann Akò Montana ki mete anfas pwojè kolonyal la ki te kontinye avèk Pétion aprè lanmò papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines. Yon lòt bò, se yon akò ki bay possiblite kote ke popilasyon an dwe reyini nan lide pou chita epi konprann pwen pa pwen akò sila epi chwa Fritz Alphonse ak Steeven Benoît.

Se pou tèt sa, pelerinaj pou nou fè yon deba sou tab wonn nan, dwe fèt epi poze pwoblèm fanm yo nan divès biwo leta ki sou tout depatman nòdwès la.

Comments are closed.