Bandi kidnape yon latriye pasajè bis Saint Jean-Baptiste nan zòn Lakwà Peris
01/008/2022
Lakwà Peris, Latibonit______(TRiboLAND) Endividi san fwà ni lwà ki fè tèt yo pase pou bandi sangwen nan Lakwà Peris kidnape maten samdi 8 janvye 2022 a yon otobis “Saint Jean-Baptiste” ki tap sotì Jan Rabèl an direksyon Pòtopwens.
Enfòmasyon ki arive jwen TRiboLAND fè eta de yon seri agresè gang ki rele tèt yo “Kokorat san ras”, te oblije plase otobis la sou yo gwo tèt mòn e kite l ap mache. Konsa, kòmanse sou chofè a, rive sou pasajè ki te pipiti a, yo tout te oblije desann manu militari, kote ke bandi yo ale byen lwen avèk viktim yo.
Moun komin Jan Rabèl pa konnen ki sen pou yo rele; sitou yo pa rive genyen kontak ak pwòch yo ki pran nan woulo nan depatman Latibonit lan jodi samdi 8 janvye 2022 a anba grif gwoup gang sangwen “Kokorat san ras” kap opera anba je yon leta koupyon e sangwen.
Comments are closed.