Okap resevwa Konsiltasyon Rejyonal pou Gran Nò a, sou plan relans ak devlopman 2025-2030

Kap Ayisyen, Ayiti ____(TRiboLAND) Leta ayisyen ansanm ak patnè li yo, nan tèt kole ak Chanm Komès ak Endistri a, lanse yon gwo konsiltasyon rejyonal pou Gran Nò a, vandredi 5 ak samdi 6 septanm 2025, nan Otèl Rayol Christophe, vil Okap. Rankont sa a fèt nan objektif pou trase yon plan estratejik mwayen tèm (2025-2030) ki vize pou relanse ak devlope rejyon an.
Plan an mete aksan sou kwasans ekonomik, kreye opòtinite travay, epi fè Gran Nò vin yon pòl ekonomik enpòtan pou tout peyi a. Lajenès rejyon an rete youn nan pi gwo priyorite, daprè deklarasyon Minis Finans lan ki te ensiste sou nesesite pou mete yo nan sant pwosesis devlopman an.
Prezidan Chanm Komès ak Endistri Nòdwès la, Mesye Jordan Herard Verdule, salye inisyativ sa li konsidere kòm yon “moman ideyal pou relouvri diskisyon sou dosye ki te deja sou tab la”. Daprè li, konsiltasyon sa yo dwe pèmèt prezantasyon divès pwopozisyon solid ki te deja fèt bò kote BID pou ranfòse gouvènans lan, restore sekirite, relanse agrikilti, epi amelyore enfrastrikti debaz yo nan rejyon an.
Konsiltasyon an ap kontinye avèk plizyè atelye tematik kote reprezantan Leta, sektè prive, òganizasyon sosyete sivil ak patnè entènasyonal ap diskite sou estrateji klè pou mete Gran Nò sou wout devlopman dirab.






