Fiziyad nan Pòtopwens: yon ansyen komisè polis ak tout ajan sekirite li mouri e yon machann ta sanble mòtèlman krible anba bàl bandi sangwen

1,873

01/08/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) Rezo gwoup bandi gang ame yo pa chome nan voye alenfinitif sitwàyen ayisyen yo chak jou Bondye mete; konsa, TRiboLAND aprann avèk anpil konstènasyon fiziyàd mòtèl ansyen komisè polis, Colls Rameau ak tout ajan sekirite li maten an nan yon pickup Toyota 4 WD gri imatrikile AA-15513, pwive.

Dràm sa ki genyen anpwent bandi sangwen ke moun pa rive idantifye, pase nan Ri Oswald Durand toupwe Estad Sylvio Cator, nan kapital la, jodi maten 8 janvye 2022 a.

Kèk temwen ta konfime egalman lanmò yon ti machann ki ta arive tonbe nan moman atak la egalman; konsa, gwoup fè nwà yo deja anlve lavi plisyè moun nan kapital la nan kòmansman weekend nan ki deja yon weekend dèy pou popilasyon ayisyèn.

Comments are closed.