Pwen de pwès : Barbecue anonse yon trèv pou yon semèn sou tout peyi a.

1,598

11/12/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Ansyen polisye Jimmy Cherisier alyas Barbecue, Alatèt “G9 fanmi e alye, ki genyen kòm eslogan manyen youn, manyen tout. Ki konpòte l an veritab revolisyonè malgre tout vye dosye l genyen sou do l, kontinye ap bay lapolis ak lajistis defi.

Jodi vendredi 12 novanm lan, chèf G9 la anonse yon semèn trèv nan lide pou santral vare a ka louvri pòt li byen laj e fè distribisyon gaz la san kè sote. Tout ponp dwe louvri ansanm, vann gaz nan pri l te ye a, dapwè chèf gang lan ki tap depoze bay lapwès.

Kidonk, kamyon sitèn yo dwe vin ravitaye san laperèz. Chofe transpò ak kominikasyon kapab reprann travay pou soulaje machann Sara yo e lòt moun kont lavi chè k ap vale teren chak jou k ap pase. Enstitisyon tankou lopital, biznis, inivèsite ak anbasad yo ta sipoze jwenn gaz san difikilte.

“Enstitisyon tankou lopital, biznis, inivèsite ak anbasad yo sipoze jwenn gaz san difikilte; aloske enstitisyon leta kou prive dwe louvri pòt yo pou travay san pwoblèm. Lavi dwe retounen nan vil metropolitèn nan fason l te ye anvan paske vi chak moun konte nan peyi a. Se yon obligasyon pou zak tankou, kidnapin, vyòl, vòl, ak asasinay sispann blayi sou tout popilasyon ayisyèn nan”, dapwè chèf gang Barbecue ki tap depoze nan lapwès.


Comments are closed.