Flash : Nèg ak zam kidnape yon bis “Remito Transport” sou wout Ti Bwadòm lan

778

07-28-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nèg ak zam kidnape aswè vandredi 28 jiyè 2023 a, yon bis “Remito Transport” ki tap soti Pòtoprens pou antre Pòdpe.

Divès moun ki gen fanmiy yo nan bis sila a, te trè asid anvè responsab Remito yo, paske yo kite chofè yo prang wo risk ak pasajè yo.

Daprè yon moun ki gen pitit li ki viktim nan zak kidnapping sila, li te ankontak ak moun yo lè bis la rive Gwomòn; malgre moun yo di chofè a yap dòmi Gwomòn, chofè a di lap pase kanmenm. Konsa, kèk paran ta menm arive deklare ke genyen ramifikasyon ant gang sangwen yo ak kèk chofè ki ta sanble ap travay pou yo.

Pou anpil moun, yon parèy aksyon, ta plis sanble yon livrezon paske chofè yo konnen wout la danje, sitou lè weekend.

Comments are closed.