Dàm Mari: Yon sitwayen ameriken mitonnen anba men bandi e ki kidnape pitit gason viktim nan ki genyen 9 lane

397

12/22/20

Chyendan, Dàm Mari______(TRiboLAND) Se nan lanwit dimanch 20 desanm pou rive lendi devanjou 21 desanm yon group bandi sangwen debake sou cheval ak gro zàm fann fwa atake lakay John Marc-Inrow , yon sitwayen ameriken kap viv nan lokalite Chyendan, 5èm seksyon komin Dàm Mari, depatman Grandans.

Selon enfo yo, John Marc-Inrow ki tap ofri yon rezistans dezespere te pran anpil kou nan men bandi sangwen yo ki arive kidnape Jay Marc-Inrow 9 lane ki se pitit gason viktim nan ki se yon antreprenè byen koni kap viv nan Dàm Mari. John ki se egalman yon gro teknisyen avyasyon te kontribye nan projè ayewopò Dàm Mari a.

Ravisè yo mande plis pase 150, 000 ameriken pou liberasyon Jay Marc-Inrow alòske John Marc-Inrow ap pran swen medikal nan yon andwa ki pa revele nan Dàm Mari.

Nap raple, John te yon touris ki te toujou renmen vizite Dàm Mari, li te vinn rete nan rejyon an e fè 2 bèl timoun ak yon fanm ayisyèn ki ta sanble aprè fè John anpil egzijans nan moute ma swife. Konsa, yo te separe; John te arive pran timoun yo ki se 2 je nan tèt li alòske manman ti nosan yo ap viv nan peyi Etazini.

Dènye enfòmasyon yo ta fè eta de John ki anba gro chòk emosyonèl e trè retnu pou pale avèk laprès sou yon parèy dosye. Pi lwen, John ta sanble pa tèlman pè pou vi li si non ke vi pitit gason li Jay. Konsa, li ta sanble manifeste volonte pou negosye ak bandi sangwen yo ki anba je yon lapolis ki inefikas nan Grandans fas ak proliferasyon gang kap pran jarèt nan depatman lan.

Comments are closed.