Gang ap bay gwo gagann nan Tomazo: rezidans yon ansyen senatè pase anba flanm dife

877

11-19-2023
Tomazo, Ayiti______(TRiboLAND) Gang sangwen ap bay anpil sakad nan komin Tomazo depi kek jou. Yo mete lokalite an sann e an san. Selon yon medya lokal ki vle rete nan anonima, genyen plizyè sitwayen ki mouri alòske yon latriye lòt ap dezète pou relokalize lòt kote.

Koure arive mete dife nan plizyè kay; konsa, rezidans ansyen senatè Price Cyprien, arive ensandye anba tèrè sangwen yo, ki anmajorite fè pati gwoup gang 400 Mawozo.

Nap raple, gang yo ouvwi yon lòt fwon tèrè nan komin Tomazo depi yon bon bout tan; sepandan lanwit 17 novanm pou rive 18 novanm 2023 a, se pa ti dega ke yo fè. Dega materyèl yo se men nan machwè.

Comments are closed.