Yon gwoup moun mete dife nan divès plaj nan zònn Karyès, Monri

504

 Karyès, Monri_____(TRiboLAND) Yon gwoup moun mache mete dife nan yon pakèt plaj nan zònn Karyès, Monri, yon vil ki a kèlke kilomèt Pòtopwens.

Selon temwen ki sou plas, yon gwoup abitan te ankòlè boule 2 plaj maten an vè 9: 00 am jodi Mèkredi 20 me 2020 an. Selon enfòmasyon yo, 2 plaj (Ocean View ak Ounga Bay pran dife) youn nan yo se byen pwive fanmiy Apaid.

Gen moun ki evoke kèk koz ki ta genyen pou wè avèk konfli tèryen; kidonk, nan fason gwo chabwak yo arive pran tè kèk abitan ilegalman e pwi ap byen mennen pandan ke moun ap viv nan mal site nan yon zònn ki pa genyen anyen kòm envestisman.

Lòt vèsyon deklare ke se bandi ki okazyone yon ti moun pran bal e mouri; konsa, sa fè popilasyon leve anraje e ensandye divès kay ak machenn. Ensidan sa bloke totalman trafik sou wout nasyonal # 1 an ki mete anpil macheen ki tap soti an pwovens ajenou.

Comments are closed.