Dife nan meri Jeremi a apwè pwestasyon sèman 3 ajan egzekitif enterim jodia

904

01- 18 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND ) Tou swit apwè pwestasyon sèman 3 nouvo ajan egzekitif enterimè pwete sèman jodi jedi 18 janvye 2024 la nan Jeremi, yon gwoup manifestan kap egzije ekip ki sou pouvwa rache manyòk yo, mete dife nan meri Jeremi an.

Group moun sila yo, pat senpleman mete dife nan administrasyon kominal Jeremi an, yo te egalman drese barikad anflame nan divès kwen nan vil la, mache fèmen bank komèsyal yo ki tap bay sèvis defason limite.

Gwoup pwotestatè sa yo te fèmen egalman pòt bank komèsyal tankou Inibank ak tout kliyantèl lan, kite deja nan anndan espas bankè a.

Fas ak tou fòm menas sa yo ki makònen ak vyolans, manchèt alamen, wòch, kouto, ak boutèy, lapolis te rete 2 bwa kwaze, e okenn aktivite piblik kou prive pat mache nan Jeremi, depi aprè lansman mo dòd Guy Philippe lan, ki mande dezobeysans sivil kont Ariel Henry sou pouvwa a.

Comments are closed.