Pòdpè : 3 endividi anba kòd e lapolis sezi 3 zàm dezagreman

1,786

12/04/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Lapolis nasyonal anonse ke yo arive pwosede ak arestasyon twà poulen sispèk nan moman yon tchèk pwent nan Kafou Twà Rivyè nan komin Pòdpè yè vandredi 3 desanm 2021 an.

Nan moman yon tchèk abityèl, ajan Bwigàd kap lute kont dwòg ki anndan Direksyon Santral Polis Jidisyè a arive sezi yon pistolè kalbi 9mm, mak fabwik Jennings Nine numewo seri 1367346; yon ti chajè ki kapab pran 5 katouch; yon Berettade kalib 9mm seri BER 277946, yon chajè a twà katouch ak yon fizi kalbi 12, dapwè yon nòt otorite sekirite yo mete deyò jodi 4 desanm 2021 an.

Selon enfo yo, 3 annafè sa yo ki pote non: Duplessis Andy ki se yon natif natal Petyonvil, Saintil Eric Simon (nèg pòdpè) te genyen nan pòch li yon ti pakè marijuana dezagreman ak Sarette Mike (nèg pòdpè), yo tout tap sikile nan yon machin Chevrolè Trakè ki imatrikile BB-66592.

Comments are closed.