Yon avyon ensandye anba kolè popilasyon Okay la: Ariel Henry fache e promèt pou pouswiv koupab yo

3,005

03/29/2022

Okay_____(TRiboLAND) nan kout tweet vonvon ke li mete deyò, Premye Minis Ariel Henry eksprime mekontantman li fas ak zak ensandi ki fèt jodi madi 29 mas 2022 a sou yon avyon nan Okay nan okazyon gro vag protestasyon kont fenomèn ensekirite jeneralize a.

Chèf Primati a, ensiste fòk aksyon piblik an mouvman yon fason pou trennen e sanksyone avèk anpil rigè sa yo ki genyen men yo tranpe nan yon parèy zak malonèt ki mete an flanm yon avyon nan ayewopò Antoine Simon an nan Okay. “Mwen kondane avèk tout nanm mwen zak vyolans sa yo ki arive bwile rapye tè yon avyon nan vil Okay”, daprè Ariel Henry ki genyen sispisyon sou tèt li nan zak asasinay prezidan Jovenel Moise la.

Enfòmasyon yo ta fè konnen, ensandi a okazyone akoz yon jèn gason ki ta arive mouri anba yon bal nan tèt san konte plizyè manifestan ki blese nan moman gro joune mobilizasyon kont ensekirite a.

Nap raple sa pa gen lontan, pèp souvren nan vil Okay te anvayi pis aterisaj la yon fason pou proteste kont gouvènman sangwen Ariel la ki mare sosis li ak yon seri atoufè kriminèl kap profite fèmen zye yo sou sitiyasyon Matisan an yon fason pou yo ka enpoze transpò ayeryen e fè fòtin sou tèt malere ki pa kapab pran machin ant depatman sid e kapital la.

Comments are closed.