Pòdpè : Yon jèn gason mouri, yon kay bwile e plizyè moun jwen arestasyon yo

2,675

12/05/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Gwo katchou boumbe eklate nan katye Morne aux Pères nan vil Pòdpè yèswà samdi 4 desanm 2021 an vè zòn 7 è pm. Moun te kanpe deran nan fè nwà tap obsève gwo deblosaj yon gwoup jèn gason ki te debake nan yon kay sou katye Mornes aux Pères yon fason pou te asasine yon jèn gason ki pote non Luckembert ki te sanble nan diskisyon avèk yo pandan jounen an.

Konsa, jèn gason sa ki te genyen nen fwe te arive jete kò li; se konsa, nan moman lap pran lyann, li arive vide atè plàt ak yon mato youn nan gwoup agresè yo ki pat pran tan pou mouri san bàt.

Repèkisyon yo pat pran tan pou mete tout katye Morne aux Père a an boulatcha, patikilyèman dèyè lekòl Madan Powell la; “zenyè” ak “remen sa” te deja sou plas ak kamera jouda pou pran son ak sekans dràm sa ki ta pwàl anvlime lè yon gwoup manm fanmiy viktim nan ki te ame ak manchèt, koulin, wòch, ak baton te soti Dèyè Letan al atake e mete dife nan kay kote fanmi ti jèn gason fijitif la tap viv ak paran li.

Anpil kout zàm tap chante; alòske anpil ti machann nan perimèt deblozaj la te kouri pran lyann. Gwoup revanj lan arive mete dife nan kay la ki se yon lokasyon. Se gras ak entèvansyon lapolis ki fè pa genyen plis ka mòtalite ak kase pari.

Morne aux Pères leve maten dimanch lan ak yon akalmi an aparans; sepandan gwoup ki viktim nan ta sanble gen difikilte pou asèpte disparisyon jèn gason ki pran kout mato a. Konsa, yap plede pou plis revanj manje dan.

Comments are closed.