Yon gwoup jèn pran inityativ pou òganize yo fwa agwo touristik ak atizanal nan Tigwav pou 14 – 15 out.

07 – 27 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou lapwès maten vandredi 26 jiyè 2024 la, yon gwoup jèn fanm ak gason ki soti nan 12 seksyon kominal Tigwav mete tèt ansanm pou mete sou pye yon gro sòlòkòtò: òganize yon fwa agwo – touristik, atizanal ak kiltirèl sou Plas Dam Tigwav la nan okazyon fèt patwonal Notre Dame 14 e 15 out 2024 kap vini la a.
Objektif fwa sila a, selon responsab yo, se pou mete anvalè richès nan tout 12 seksyon kominal yo. Epi kreye yon platfòm pwomosyon agrikòl ak touristik pou ka rive devlope yon espri konbit kay peyizan yo e ranfòse koyezyon sosyal yo.
Anplis, ankouraje tout pitit seksyon kominal yo ki nan nivo lokal, nasyonal ak entènasyonal pou mete tèt yo ansanm pou fè chanjman lakay yo nan lide pou kreye richès.
Toutfwa, se yon inityativ ki pran avèk yon seri ekip pwofesyonèl tankou, agwonòm, teknisyen agrikòl, jounalis, enjenyè, enfimyè ak atis ki soti nan 12 seksyon kominal yo. Konsyan sou trè problematic yo, yo mete tèt yo ansanm atravè yon estwikti ki rele Ayiti Anvalè Pwodiksyon ki lanse yon parèy pwojè.







Temp Mail This was beautiful Admin. Thank you for your reflections.
Sa se zòne li ki gen jèn k’ap viv ladann
Triboland Karis
Your article helped me a lot, is there any more related content? Thanks!