Yon gwoup moun pwoteste apye soti jis Senlwi Dinò pou rive Pòdpè kont ratman gaz, ensekirite ak grangou

1,917

10/21/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon gwo foul moun derape depi vil Senlwi Dinò ak yon manifestasyon pou rive jis nan vil Pòdpè yon fason pou rele 2 men nan tèt kont ensekirite, ratman gaz ak grangou.

Se yon veritab foul moun ki pase pran moun sou tout wout pakou manifestasyon an. Sitwàyen tankou nan lokalite Vilaso, Lavo, Lapwent e latriye moun tap defile anba kout bagèt tanbou kata ak yayad do toutouni jis rive nan site Kapwà Lamò a, Pòdpè.

Òganizatè yon parèy mouvman deklare ke se twokèt la chay la dèyè. Nap raple, distans vil Senlwi Dinò pou rive Pòdpè ta plis pase yon 10 kilomèt, yon pakou ki pa arive demoralize manifestan nan yon abyans mizik, danse ak slogan derespektan kont gouvènman popetwèl Ariel Henry a.

Comments are closed.