Panik ak gro tansyon tèt vire nan Leyogàn: gang sangwen menase tabli baz yo nan Sayira.

489
3
Share:
TRiboLAND

10 – 05 – 2024

Leyogàn, Ayiti_____(TRiboLAND) Gro tansyon jodi 5 oktòb 2024 la nan lokalite Sayira, komin Leyogann, kote yon group gang ame ak gro manch long debake an chango ak inik objektif pou anvayi popilasyon an.

Invazyon sila ki okazyone anpil panik ak sezisman tranble janm, ta pral efòse popilasyon an mande konkou lapolis nan kanton an. Vijilans ak prosesis mouvman pote sekou yo pat pran tan. Fòs lòt yo te rive atan; konsa, kriminèl sangwen yo ki tap tante enstale yo, te oblije degèpi yo gras ak reyaksyon muskle lapolis.

Enfòmasyon yo vle fè kwè ke gang sangwen yo te deja poze kèk zak eskanmòtè nan rejyon an. Yo tef è men miz sou kèk byen abitan ki abite sou zòn bodmè Leyogàn. Antouka, gang yo pa sispan konvwate komin Leyogàn aorè plizyè tantativ. Otorite lokal yo akouraje popilasyon an ranfòse maryàj la ak lapolis yon fason pou bayo sa yo merite.

Ankò, lapolis pa ka antre nan yon lojik ap repouse bandi santifò;  mèyè fòmil lan se mache pran yo san pran souf, kèlke swa kote yo ye.

Share: