MPCE klotire premyè faz pwogram Miltisektoryèl la, sou Sekirite Alimantè ak Nitrisyonèl, nan depatman Nòdwès la.

1,190

06-01-2023

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Nan prezans divès otorite lokal kou nasyonal tankou : direktè depatmantal agrikilti branch Nòdwès la, Agr Charité Louis, direktè depatmantal PNH la, reprezantan Zafè Sosyàl nan Pòtoprens, vis Delege awondisman Senlwidinò a, Ajan Egzekitif enterimè nan plizyè komin, KAZEK, AZEK ak divès lòt otorite; direksyon depatmantal planikasyon branch nòdwès (MPCE), klotire pwogram Miltisektoryèl ki tap opere sou Sekirite Alimantè ak Nitrisyonèl la, nan vil Pòdpè; yonpwogram ki te jwenn bourad Inyon Ewopeyèn pou yon valè 51 milyon Ewo.

Pwogram sa a, dapwè esplikasyon entèvenan yo, se yon pwogram ki te kòmanse depi nan lane 2018, nan lide pou goumen kont fenomèn ensekirite alimantè,ak nitrisyonèl la nan 10 komin depatman Nòdwès yo, ak nan 3 lòt komin nan awondisman Gwomòn, zòn Wo Latibonit, patikilyèman nan Tènèv, Gwomòn ak nan komin Ans-wouj.

Pwogram PMSAN nan dapwè teknisyen òganizasyon yo, rantre nan kad objektif Leta fikse pou goumen kont grangou ak malnitrisyon.

Plizyè antite kifè pati pwogram Miltisektoryèl la, tankou, direksyon depatmantal agrikilti branch Nòdwès poun site sa sèlman, pat tèlman dakò ak fason ONG yo tap manniganse aktivite yo sou teren an. Ankouraje ONG yo itilize pwodui lakay, entèveni nan kèk aksyon dirab tankou kaptaj sous dlo, sistèm solèy irigasyon, pou li menm, se sa yo ki tap konble atant popilasyon an. Soulinye yon latriye ti aksyon esporadik, san valè, pou Agr Charité Louis, ONG yo fè zafè pa yo, men se pa zafè Leta Ayisyen.

Pretann yo pral konbat grangou ak malnitrisyon, travay nan zafè dlo, la swanyay, koupon alimantè ak nitrisyonèl; pou anpil aktè kite prezan, pwogram nan fini alòske pwoblèm yo toujou rete.

Comments are closed.