Grandans: Dràm nan zile Kayimit.

1,025

03- 18- 2023

Zile Kayimit, Ayiti_____(TRiboLAND) Mesye Martinau Guillaume, se yon pwofesè ki fè karyè’l nan sistèm edikatif la nan zile Kayimit, ki te pwan pwomosyon kòm direktè lekòl nasyonal la sou zile Kayimit.

Konsa, vandredi 17 mas 2023 a, direktè Marteau Guillaume ak yon pitit li monte yon kannòt soti zile Kayimit pou’l te vini chanje chèk mwa fevrye 2023 li nan vil Jeremi, ki se inik kote nan depatman grandans lan ki genyen yon sikisal (BNC) pou moun ki genyen chèk leta ke yo bezwen chanje.

Antouka, Elas! Move nouvèl; kannòt la chavire ak direktè Marteau Guillaume ansanm ak pitit li a kite abò, yo mouri nwaye. Se yon dràm tout moun ki sou zile a deplore; yo estime se yon gro pèt pou kominote a nan zafè edikasyon, e yo mande mouche leta pou dekonsantre sèvis debaz yo, jis pou anpeche plis moun pèdi lavi yo nan pakouri anpil kilomèt swa sou lanmè e atè pou vinn nan vil Jeremi vinn pran sèvis.

Comments are closed.