Grandans : Pou reponn ak pwoblèm dlo potab nan komin Pestel ak Zile kayimit, alatèt DINEPA bay anpil esplikasyon.

1,363

03-01-2023

Pestèl-Zile Kayimit, Ayti_____(TRiboLAND) Pou reponn ak pwoblèm dlo potab ki genyen nan komin Pestel ak zile kayimit nan depatman Grandans lan, alatèt Direksyon nasyonal dlo potab ak asenisman an (DINEPA), Enjenyè Guitho Edouard fè plizyè vire tounen atravè Grandans lan, patikilyèman ak ekip biwo rejyonal Gran Sid la.

Objektif yon parèy vire tounen, antre nan kad enstalasyon yon bladè ak ekipman pou rann dlo a potab, sou Rivyè Glas, toupre wout Nasyonal numero 7 lan, a kelke kilomèt Dichiti. Bladè sa a ki genyen kapasite 20,000galon chak jou, e ki genyen plizyè kamyon ak chaloup, kannot pou transpòte dlo a nan seksyon ki nan bezwen yo.

Nap raple, a plizyè repriz TRiboLAND te angaje l nan batay ki pou abouti ak amilyorasyon sa yo. Se reyèlman yon gro efò bò kote responsab kap distribye dlo anndan peyi a. Popilayon an swete wè valè ajoute DINEPA sa, pral anpeche malady kolera, tifoyid ak dyare pote ale timoun kou granmoun ak zannimo yo kite konn mouri akoz pwoblèm dlo.

Comments are closed.