Gwoudou gwoudou : PNH anrejistre 25 blese ak plizyè komisarya ak soukomisarya ki kraze e andomaje

1,402

08/19/2021

Potopwens_____(TRiboLAND) Nan yon konferans ke li bay jodi jedi 19 out 2021 an, rapòtè piblik pou Polis Nasyonal Dayiti, Marie Michèle Verrier konfime ke enstitisyon PNH la pa anrejistre oken mò; sepandan, li fè eta de yon seri gwo dega materyèl nan plizyè komisarya ak soukomisarya ke gwoudou gwoudou 14 out 2021 an lakoz.

Verrier sinyale ke Alatèt enstitisyon an deja mete lopital santral PNH la ki lokalize nan Bonrepo disponib pou tout depandan polisye ki viktim de gwoudou gwoudou a ak siklòn Grace nan Gran Sid la. Pòtpawòl Verrier ajoute ke sa yo ki blese gravman grav kapab ale nan lopital Berbard Mevs pou pwizanchaj selon kontra inisyàl yo. Kidonk, lapolis nasyonal anrejistre 25 blese sèlman nan enstitisyon an.

Apade sa, Verrier bay popilasyon an garanti ke lapolis sekirize tout konvwà imanitè kap kandale desann nan zòn Gran Sid la e dispozisyon pou fasilite pasaj nan Matisan yo konplètman ranfòse.

Comments are closed.