Bandi sangwen ak zam manch long mete dife nan yon blende Lapolis nan Pòtopwens

824

04 – 01 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Bandi ak gwo zam manch long nan Pòtoprens mete dife nan yon blende koulè “Kaka jako” Lapolis, nan ri Monseyè Giyou, apremidi lendi 01 avril 2024 la.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, genyen 4 ajan PNH ki blese e se gang Izo 5 segond ki ta lotè gwosè zak malonèt sila.

Poze kesyon pou konnen, èske gen polisye ki viktim nan moman bandi yo t ap ogmante lis blende ki boule yo? Sous nou pa kapab bay plis detay sou sak pase a.

Comments are closed.