2 pitit Jakmèl byen koni mouri kite vil la konplètman nan tristès

437

Pòtopwens____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon dlo nan je ke li fè maten an sou yon radyo nan kapital la, ansyen Senatè Joseph Lambert anonse lanmò ansyen Senatè Patrick Domond ki mouri apwè key o te remake ke li te gen ti fyèv ak kèk lòt sentòm ki tèt koupe ak sentòm kowonaviris la.

Senatè Lambert ki pat kapab kache emosyon li te deklare ke li te konfime avèk madan Domond lanmò ansyen komisè gouvènman Pòtopwens lan. Domond te bay siyn kagou e yo tap eseye wè kòman yo kapab kouri antre nan Mibalè avèk li, malerezman li te twò ta.

Akote sa, Senatè Lambert te pwofite anonse lanmò yon lòt pitit Jakmèl, Bob Saint Germain apwè 2 mwa moute desann nan jere maladi. Ke nanm 2 potorik gason sa yo repose an pè e kouraj pou fanmiy ak popilasyon Jakmèl la ki plonje nan lapènn.

Comments are closed.