Otorite yo ap chèche tankou chyen fou Harry Robert Bretous kòm pwezime kriminèl Nancy ak Sébastien

585

Pòtopwens___(TRiboLAND) Aprè midi jedi 2 jwiyè 2020 an, Pòt pawòl PNH la, Enspektè divizyonè Garry Desrosiers anonse sou Radio Tele Kiskeya ke genyen nouvo devlopman nan ankèt DCPJ tap mennen sou krim ki te fèt sou 2 jènn atis dansè, Nancy Dorléan ak Sébastien Petit ke yo te dekouvri kankannen madi 23 jwen 2020 an.

Antouka, selon Enspektè Desrosiers, PNH lanse yon avi rechèch dèyè Harry Robert Bretous kòm yon prezime responsab asasinay 2 jènn talan ayisyen sa yo ki soulve anpil endinyasyon nasyonal.

Pandan ke li garanti popilasyon an ke ankèt yo ap vanse sou bonjan wout, li envite yo alète PNH kèlke swa kote yo ta rankontre ou sispèk prezime kriminèl la.

Comments are closed.