Caribbean Port Services (CPS) akòde viktim gwoudou gwoudou 14 out 2021 an, yon don 15 kontenè pwovizyon alimantè ak lòt pwodwi

1,436

08/19/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND)  Caribbean Port Services (CPS) deside bay kout men pa li bò kote viktim gwoudou gwoudou 14 out 2021 an ki anfale pwèske tout Gran Sid la.

Konsa, nan konplisite avèk “Food for The Poor”, yo vle rasure yo ke yo reponn ak yon seri bezwen ijan viktim yo. CPS kap feraye sou tèritwà peyi Dayiti a fè don 15 manman penba kontenè ki boure ragagann ak pwovizyon alimantè ak pwodwi pwemye swen pou viktim yo ki alagoni.

Comments are closed.