Demisyon direktè jeneral EDH la, Michel Présumé

1,517

08/20/21

Potopwens_____(TRiboLAND) Michel Présumé anonse sou kont twitter li demisyon li kòm Alatèt jeneral Electricité d’Haïti (EDH), jedi 19 out 2021 an.

“Mwen fè kliyantèl la konnen e espesyàlman piblik la ke mwen kraze yon kite sa nan mwen ki pozisyon mwen ki se dirèktè jeneral enstitisyon kap alimante peyi a ak kouran elektrik”, dapwè yon tweet ke Michel Présumé lage deyò.

Nap raple peyi a nan moman sa pa sispan fè fas kare ak gwo ratman e boykotaj elektrisite alòske se te sou bayonèt ak kontestasyon pou gouvènman defakto Jovenel Moise la te arive enstale Prézume nan tèt EDH, kote ke yon nich anplwàyè tap konteste li e repwoche l pou yon politik pwivatizasyon ki efondre plizyè enstitisyon deja.

Demisyon Michel Présumé rive nan yon moman kote ke genyen yon pakèt bagay kap pale sou fason ke li deside jere yon seri pwojè elektrisite 24/24 Jovenel Moise yo apwè lanmò li, patikilyèman nan vil Pòdpè kote ke yo repwoche demisyone a pou politik woule’m debò ak nouvo santral elektrik Twà Rivyè a nan Pòdpè.

Antouka, Michel di piblik la babay e li remèsye tout latriye moun ki te supòte l nan yon parèy eksperyans.

Comments are closed.