KOMINIKE POU LAPRES kI SOTI NAN ANBASÀD AMERIKÈN KI NAN PEYI DAYITI

964

KOMINIKE POU LAPRES

Ambasad Peyi Etazini Damerik, Biwo Afè Piblik

Nan dat 3 dawout 2021

No. 2021/ 16

Asistans nan domèn sekirite enfrastrikti enpòtan pou Gouvènman ayisyen an

Pou reponn Gouvènman ayisyen an ki te mande asistans nan domèn sekirite apre asasina Prezidan Jovenel Moïse, ekspè ameriken nan Cybesekirite Ak Sekirite Enfrastrikti (CISA) te vwayaje nan peyi d Ayiti nan dat 27 jiyè pou ede ranfòse sekirite enfrastrikti enpòtan peyi a nan pò maritim Ayiti a, tèminal ki resevwa gaz, ak enstalasyon elektoral yo, sa ki demontre angajman gouvènman ameriken an nan kesyon sekirite ak sekirite enfrastrikti elektoral enpòtan ak transpò.

Nan dat 25 jiyè a, yon Konseye Sekirite Aviyasyon (AVSEC) ki soti nan Administrasyon Sekirite Transpòtasyon (TSA) – Transportation Security Administration (TSA) Aviation Security (AVSEC), te rive pou yon misyon 30 jou pou travay ansanm ak tokay ayisyen li yo nan Otorite Ayewopò Nasyonal (AAN) ak Otorite Aviyasyon Sivil (OFNAC). Ansanm, yo pral konsantre pou amelyore sekirite fizik ak kontwòl entèn pou ogmante sekirite pasaje yo ak kago yo. Nan fen peryòd 30 jou sa a, yon dezyèm konseye ap vini pou 60 jou anplis pou bay yon sipò pandan lontan.

Nan dat 11 jiyè, yon reprezantan ajans sekirite enfrastrikti ak sekirite – Cybersecurity & Infrastructure Security Agency (CISA), te akonpaye delegasyon Mezon Blanch lan an Ayiti pou idantifye potansyèl pou sipòte enfrastrikti enpòtan yo, espesyalman pò maritim, tèminal ki resevwa gaz ak enstalasyon elektoral yo. Apati premye evalyasyon sa a, yon ekip CISA ki gen twa moun te rive nan dat 27 jiyè pou bay sipò sa a. Ekip la te itilize yon zouti evalyasyon sekirite enfrastrikti ki enpòtan, ki rele Zouti Evalyasyon Sekirite Nan Premye Antre – Security Assessment at First Entry (SAFE), pou analize bezwen sekirite enfrastrikti an Ayiti, epi fòme ofisyèl ayisyen yo pou itilize li. Zouti SAFE-a bay opsyon pou amelyore sekirite enfrastrikti enpòtan nan kondisyon aktyèl yo. Objektif la se te fòme reprezantan ayisyen yo sou itilizasyon zouti a, avèk entansyon pou bay otorite ayisyèn yo li, pou gouvènman ayisyen an ka itilize li pou evalye enfrastrikti yo kontinyèlman epi konsilte reprezantan CISA yo nan tan ki kout tankou pandan lontan sou rezilta yo. Nou espere ke zouti sa a pral pataje ak tout operatè enfrastrikti enpòtan an Ayiti pou evalye ak amelyore sekirite fizik nan tout peyi a. Se pou premye fwa gouvènman ameriken ap bay yon lòt peyi zouti SAFE-a.

Delegasyon amerikèn CISA a te enfòme gwoup patnè pò APN yo sou itilizasyon zouti ak metodoloji SAFE-a, epi apre sa li te mache fè yon evalyasyon pò a avèk zouti a. Nan fen evalyasyon an, delegasyon amerikèn CISA a te diskite sou kèk nan rezilta yo epi yo pral bay yon rapò sou rezilta yo, nesesite ki genyen pou kontinye fè evalyasyon ak disponiblite pou asiste nan bay konsèy a lavni.

Ekip la te rankontre responsab Selil sekirite elektoral Lapolis Nasyonal peyi d Ayiti-a (PNH) – HNP Election Security Cell (ESC), nan katye jeneral PNH la. Yo te bay pwofesyonal sekirite elektoral ayisyen yo yon demonstrasyon sou zouti SAFE-a pou yo ka itilize li pou evalye epi amelyore sekirite fizik sit enfrastrikti sekirite elektoral yo, tankou depo pou materyèl eleksyon yo, gwo biwo vòt yo ak sektè transpò yo. CISA te rankontre ak PNH-la ak tokay li yo nan Konsèy Elektoral Ayisyen an (KEP) e li te vizite lokal KEP ak PNH yo pou estoke materyèl elektoral yo. PNH la, ansanm ak manm Nasyonzini (BINUH), nan ESC, te vizite sant tabilasyon vòt yo an Ayiti, yon kokenchenn biwo vòt ak katye jeneral KEP a nan Pòtoprens.

Reprezantan CISA yo paka tann pou kontinye kolabore ak PNH-la epi yo rete disponib pou sèvis konsiltasyon vityèl pou reponn kesyon PNH la, sa ki pral ede nan aplikasyon metodoloji SAFE-a.

Comments are closed.