Pakè Pòtopwens lage “manda pote vini” dèyè Jij Windelle Coq Thélot ak komisè Jean Laguel Civil nan kàd ankèt sou asasinay pwezidan Jovenel Moise

578

07/26/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Komisè gouvènman Pòtopwens lan, Mèt Bed-Ford Claude mande DCPJ pou ede li egzekite yon manda pote vini sou tèt kont Jij Windelle Coq Thélot pou li vin reponn akizasyon vòl ak men ame ki pandye sou tèt li, patikilyèman nan kàd ankèt sou asasinay ansyen pwezidan Jovenel Moise 7 jwiyè 2021 dènye nan Pèleren 5, nan Petyonvil.

Nan menm sans lan tou, Bed-Ford tou pase pwan youn pami gwo potorik yo ki te responsab sekirite pwezidan Jovenel Moise, komisè divizyonè Jean Laguel Civil ki dwe vin reponn menm akizasyon tantativ asasina, vòl ak men ame pandye egalman sou tèt li nan asasinay chèf leta ayisyen an.

Sepandan, Jean Laguel Civil jwen arestasyon li apwè midi lendi 26 jwiyè 2021 an kote ke li nan gadavu nan komisyarya Delma 33, aloske avoka akize a, Reynold Georges voye jete akizasyon sa yo e kalifye yo kòm desizyon aloral.

Nap raple ou, apwè zàk asasinay chèf leta peyi a ki fèt nan yon sikonstans dwòl an matyè sekirite: ni pwemye minis, ni chèf polis la, ni minis jistis, ni minis enteryè, ni minis defans ak ni chèf sekirite palè nasyonal pa janm jwen revokasyon yo.

Comments are closed.