Ministè Jistis ak Sekirite Piblik mete nan kanpe lwen, yon grefye ki al fè zewo tounen nèf.

1,020


Wilfrid Élie, se non yon grefye nan tribinal premyè enstans Ench, ki jwenn distans li ak tribinal la pou tèt li ta rantre nan konivans ak ansyen senatè Willot Joseph.

12-10-2023

Ench, Ayiti__(TRiboLAND) Nan yon lèt Ministè Jistis ak Sekirite Piblik voye bay sekretè teknik CSPJ a, jounen vandredi 8 desanm 2023 a, li anonse li ke Ministè a pran desizyon pou tchoule do grefye an chèf tribinal premyè enstans Ench lan, Wilfrid Élie, pou tèt li ta fè tribinal la tounen yon basyon kòripsyon.

Ministè a repwoche Wilfrid Élie, ki apre rapò teknik anketè ULCC yo, ke li ta pèdi kat marenn li, epi oze al delivre yon fo ak deklarasyon patrimwàn bay ansyen senatè Sant lan, ki donk Willot Joseph.

Enfòmasyon k ap sèkile nan kad dosye sila, e ki rive jwenn nou, ta fè kwè sepa premyè fwa, ni komisè ni jij, san konte grefye, pran malen plezi pou ap delivre fo pyès bay sangwen ki nan kòripsyon pou gwo magogo lajan.



Comments are closed.