Jovenel Moise, yon lòt fwa ankò detrese bò tèt yon sèktè nan klàs boujwazi a

257

03/10/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Jovenel Moise yon lòt fwa ankò atake e detrese bò tèt yon sèktè nan swadizan klàs boujwazi a nan peyi Dayiti atravè yon tweet ke li lage jodi mèkredi 10 màs 2021 an.

Ansyen prezidan an ki genyen yon manda ki pran fen depi 7 fevriye 2021 an, ankò yon fwa lonje dwàt jouda sou yon group moun afè bon ke li rele oligachi sistematik kòwonpi, ki soti nan tout bout kwen ki fè dap piyanp sou richès peyi a.

“ Pou Jovenel, aprè yon katafal deseni piyaj sistematik byen leta klas oligajik kòwonpi ap pratike, peyi a bezwen yon leve kanpe nan tèt kole, yon elan kolaborasyon ak pwodiksyon san rete yon fason pou retire nasyon an nan bafon soudevlopman”, daprè Jovenel Moise ki tap depose nan yon tweet.

Prezidan defakto a, rete kwè ke se vrè pitit peyi a ki pou chita e dyaloge sou yon tab ansanm yon fason pou yo poze pwoblèm peyi a atravè yon dyalòg ki sensè e onèt. Li envite tout antite konsène yo pou yo rejwen li yon fason pou transfòme peyi a e menm anpeche kòwonpi piyajè fè ladènye sou richès yo avan chanjman an.

Daprè chèf defakto a, “Se yon obligasyon pou nou pou bagay yo chanje yon lòt fason pou lapè kapab blayi; konsa, n’ap kapab jenere solusyon gran panpan e durab pou yon bonè pou tout sitwayen ayisyen.” Konsa, kiyozite swete konnen eske Jovenel Moise vle refere egalman ak sèktè ki te finanse kanpay li, ki jiska prezan ap souse manmèl bèf chèch la san rete chak jo Bondye mete?

Comments are closed.