30 Milyon Goud Disponib pou Sezon Siklonik nan Nòdwès, men aksyon prevantif yo rete bloke

371
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kontèks sezon siklonik ki deja louvri sou zile Karayib yo, Délégasyon Depatmantal Nòdwès lan lanse yon apèl ijans. Daprè sa Delegue depatmantal la, Rock Exceus fè konnen, gen yon sòm 30 milyon goud ki disponib nan Direksyon depatmantal Finans lan, malerezman, otorite lokal yo poko jwenn aksè sou lajan sila; sa ki mete tout plan prevantif yo an danje.

Pandan lapli ak van deja kòmanse fè santi yo sou plizyè komin, absans mezi preparasyon yo vin ogmante risk pou popilasyon ki abite nan zòn vilnerab yo.

Daprè delegue a, se pa lajan ki manke men se blokaj administratif ak mank planifikasyon nasyonal ki lakoz pa gen aksyon konkrè sou teren an. “Leta toujou ap reyaji apre danje a parèt, pito ke yo mete mekanis prevansyon an plas davans,” se deklarasyon Exceus bay laprès. Délégation Nòdwès lan estime ke si yo te gen aksè a lajan a tan, yo te ka mete abri yo nan lòd, netwaye ravin, ranfòse kominote ki pi ekspoze yo epi mete anplas sistèm alèt yo pi bonè.

Sitiyasyon sila, mete an evidans mank kowòdinasyon ant pouvwa santral la ak estrikti lokal yo, kote popilasyon riral Nòdwès la kontinye ap viv anba menas dezas natirèl san pwoteksyon adekwat.

Share:

Leave a reply