3 pwezime kidnapè anba kòd apwè ke lapolis libere yon timoun

0 344

Jakmèl____(TRiboLAND) Li te byen ta yè swa Jedi 23 Avwil la lòske ajan PNH yo nan Komenn Jakmèl lanse yon operasyon ki te vize pou libere yon timoun anba men kidnapè.

Dapwè Kowòdinasyon pou lapwès ak relasyon piblik pou Polis Nasyonal la, bandi te arive kidnape ti gason sa madi pase ki te 21 Avwil 2020 nan Benè, Depatman Sidès peyi a.

Konsa, operasyon an te reyisi san resistans bò kote an afè yo. Lapolis te arive libere ti inosan an e mete anba kòd 3 pwezime kidnapè pou ka anlèvman ak detansyon kont yon minè.

Massna Junior, Pierre-Louis Joe-Hilaire ak Valex Fene se non pwezime kidnapè yo ki koulya anba men lapolis.

Leave A Reply