Komisè gouvènman Bed-Ford mete entèdiksyon pou PM Ariel Henry pa sove kite peyi a sou oken fòm

1,991

09/14/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Komisè gouvènman Pòtopwens la, Mèt Claude Bed-Ford pase anba pye lèt revokasyon Pwemye minis Ariel Henry a ki te anonse l revokasyon li yè lendi 13 septanm 2021 an.

Pou demontre Ariel Henry ke “vye manman pare pou zepina e zepina pare pou vye manman”, Mèt Bed-Ford ranfòse desizyon li lè li fè sòti yon rekizitwà supletif nan kàd dosye asasinay pwezidan Jovenel Moise la.

Mèt Bed-Ford pèsiste, apwè yon latriye konsiderasyon tankou evidans kout fil vonvon ant Ariel Henry ak pwezume asasen, Félix Badio Joseph ki pran lyann e ki se pwemye sispèk nan krim Jovenel Moise la; genyen evidans pou enkilpe Ariel Henry.

Komisè Pòtopwens lan ale pi lwen pou li mande pou yon seri mezi pran pami yo se entèdiksyon bare anwo ak bare anba” pou Ariel Henry pa kite peyi a ni anlè, ni atè ak sou dlo sale.

Comments are closed.