Senkant sis migran ayisyen arete nan peyi Bolivi

725

07/24/2021

Lapaz, Oruro______(TRiboLAND) Senkant sis migran ayisyen arete nan vil Ururo nan moman yo tap eseye tranzite nan Bolivi san viza. Sitwayen ayisyen sa yo ki an majorite 44 granmoun ak 12 ti lèzanj te tante travèse kite peyi Chili akoz travay jaden ke yo tap fè ki pran fen.

Gwoup moun sila yo tap eseye pwan wout Brezil pou chèche lòt opòtunite pou travay; konsa, yo arive tonbe anba men trafikan chilyen, bolivyen ak brezilyen apwè plizyè mwa nan mache sa e la kòm nomad.

Dapwè kolonèl Juan Carlos Mercado ki se direktè interpol nan Bolivi, “gras ak konfrè chilyen yo, nou dekouvwi yon gwo rezo trafikan kap opera e ki ap koutize etranje yo. Se pa ayisyen sèlman, men venezwelyen egalman”.

Akote arestasyon migran ayisyen say o, te deja genyen plizyè lòt arestasyon ki te fèt kèk semèn avan. Nan sans sa, otorite bolivyen yo arive pwosede ak arestasyon 3 raketè bolivyen ki enplike nan yon parèy trafik.

Comments are closed.