Òganizasyon Nasyon Tèt kole yo mande pou ayisyen yo pa rapatriye

1,178

11-03-2022

Responsab ajans dwa moun ak refije ki soti nan zantray Nasyon Tèt Kole (LONI) yo mande kominote entènasyonal pou yo pa voye tounen ayisyen yo lakay yo, akoz kriz imanitè ak sekirite kap tribiche peyi Dayiti, daprè yon kominike yo fè sòti.

Komisè Alatèt Nasyon Tèt Kole yo pou refijye Filipo Grandi rele nan yon kominike ki soti jodi jedi 3 novanm 2022 la pou Peyi manm yo fè prèv solidarite ak Ayiti e li ankouraje yo pou yo pa voye desann nan peyi Dayiti ayisyen yo nan yon peyi ki ekstrèman danjre.

Komisè Alatèt dwà moun, Volker Türk deklare atravè kominike a ke : “Li klè ke katafal vyolasyon sistematik dwà moun nan peyi Dayiti, dwe prewokipe tout moun e pa garanti sekirite ayisyen kap tounen lakay yo.

Volker Türk, ki se yon otrichyen natif natal, ankouraje gouvènman konsène yo pou yo pa voye tounen ayisyen yo, men pou fasilite yo aksè yon idantite jiridik pou yon proteksyon ak sèvis asistans pou kèlke swa rezon an. Daprè ajans pou refijye yo, genyen apeprè 147 558 sitwàyen ayisyen kap mande azil atravè planèt la nan mwà jwen 2022 dènye.

Comments are closed.