Finalman, antèman ansyen delege SPNH la, Guerby Geffrard ap chante maten an

07/24/2021
Pòtopwens______(TRiboLAND) Antèman Guerby Geffrard, ansyen delege Sendika Police Nationale d’Haiti (SPNH) ke bandi sangwen sou moto te asasinen 29 jwen 2021 dènye, ap chante maten samdi 24 jwiyè 2021 an nan legliz Sacré-Coeur de Turgeau, 8 : 30 am.
Guerby te mouri nan yon sant ospitalye apwè ke li tap bay anpil san kèk tan apwè ke bandi malfwà sou moto te krible li anba bàl sou Delma 32 nan mwa jwen 2021.
Viktim nan ki te souti nan 28èm pwomosyon PNH la, kite dèyè 3 ti lèzanj. Li tap denonse kòrupsyon ak vyolasyon dwà sistematik polisye yo nan PNH la. Ansyen delege SPNH la te genyen 35 lane.






