Ajan PNH yo anonse ke yo poze lapat sou yon latriye zam ak minisyon nan Dwàn Kap-ayisyen an.

835

04 – 05 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Apre enspeksyon Dwàn nan yon batiman ki soti nan peyi Etazini, ajan dwanye yo konfiske jounen vandredi 5 avril 2024 la, 12 fizi atak, 14 pistolè ak mil katouch nan Pò Maritim Kap-Ayisyen an, depatman Nò peyi a.

Se sa mount e kapab li sou kont Facebook enstitisyon polisyè a. PNH anonse ke lap rapouswiv ak operasyon yo; sepandan, sa pa anpeche sangwen ki mare sosis yo ak lòt peyi ki san pitye pou Ayiti yo, kontinye ap vwomi zam pou fini ak nasyon ayisyèn nan nan tout nivo.

Pou anpil moun, mezi dèyè manman PNH yo genyen anpil fòs kote, sitou lè yo nan tete lang ak moun ki nan komès zam ak kidnapping. Anpil moun ta swete wè yo pran yo e egzekite yo sou plas piblik yon fason pou trase egzanp.

Arete senpleman bandi gang, kidnapè ak trafikan zam ak minisyon, se yon fòm tete lang ak konplisite; si li pa kapab zewo tolerans!

Nap raple, latriye zam sila yo, soti ironikman lakay peyi Etazini, ki toujou fè tèt li pase kòm zanmi peyi Dayiti!

Comments are closed.