Sondaj: BRIDES revele 87% moun nan popilasyon ayisyèn nan favorab pou yon lòt Manman Lwa

241

12/20/20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon sondaj ke li te efektye sou opinion popilasyon ayisyèn nan sou yon lòt konstitisyon tou nèf pou peyi a, Bureau de Recherche en Informatique et en Développement Économique et Social (BRIDES) ki pa vle bride prosesis jwisans demokratik la, fè sòti aklè rezilta yon sondaj atravè yon rapò ke li mete deyò mèkredi 16 desanm 2020 an.

Reyalizasyon yon parèy sondaj, te chita sou yon echatiyon 14, 000 sitwayen soti nan laj 18 lane jiska eksetera. BRIDES te kolekte done yo prèske atravè tout rakwen peyi a nan dàt 27 novanm pou rive 8 desanm 2020 an, daprè sa rapò a temwanye.

Toujou selon rapò BRIDES la, genyen 72,3% patisipan ki mande pou yo mete yon pwen final sou kesyon Premye Minis la nan konstitisyon tou nèf la; konsa, 74,2% ta pito favorab pou yon pòs vis-prezidan nan manman Lwa peyi a.

Anplis BRIDES revele yon ti miyèt patisipasyon fanm nan sondaj la. Gason patisipan yo te a 64,9% kont fanm yo ki te a 35,1% sou 14, 000 patisipan; yon chif selon ekspè BRIDES yo ki note ke medàm yo pa tèlman enterese nan nannan anbyans politik peyi a.

Comments are closed.