Fantom 509 mande rekuperasyon kò polisye yo; men chwazi pa kriye kote kadav yo ye nan Village de Dieu a

286

03/15/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND) Polisye “Fantom 509 yo te achte lari kapital la lajan kontan jodi lendi 15 màs 2021 nan kàd pwotestasyon ak rekuperasyon plizyè kadav frè zàm yo ki imilye, mitile e ki toujou rete anba men bandi sangwen Village de Dieu yo aprè operasyon swisidèz vandredi 12 màs 2021 an.

Se yon veritab tansyon nan kapital la jodi a, yon anviwonnman ki te deja make san depi plizyè mwa. Byen bonè nan maten plizyè katye te deja sou bennzeng yo; barikàd ak kawoutchou anflame te deja ap voye payèt, yon jès ki jistifye mekontantman popilasyon an fas ak masak sangwen yo fè sou polisye yo. Daprè polisye Fantom 509 yo, li enperatif pou yo rekupere kò polisye ki jous kaprezan anba men kriminèl Village de Dieu yo.

Akote plizyè egzijans Fantom 509 yo, genyen lòt egzijans ke yo fè gouvènman defakto a tankou: liberasyon polisye swadizan yo di ki te envòlv nan koudeta nan teyàt Ti Bwa a. Plizyè nan polisye sa yo ap vale prizon onon yon koudeta ki pakapab jistifye. Yo mande liberasyon polisye ki t’ap bay sèvis a Jij Ivickel Dabrésil, ki lage depi kèk jou.

Anpil moun kritike sòti Fantom 509 la ki montre ke se yon mouvman FM ki pa deside ale revandike ou kriye kote reyèlman kadav yo ye nan Village de Dieu a.

Comments are closed.