Kat idantifikasyon Dèmalòg la : yon pyès esansyèl ki tounen yon veritab kalvè pou popilasyon an

02/09/2026
Ayiti _____(TRiboLAND) Kat Idantifikasyon Nasyonal la, ke anpil moun konnen sou non kat Dèmalòg, kontinye lakòz gwo bouch lonje nan mitan popilasyon ayisyèn nan. Plizyè sitwayen pa sispann denonse move kalite kat sa a, ki daprè yo deteryore chak jou, menm lè yo pa itilize li regilyèman.
Daprè plent popilasyon an, kat la souvan limite a kèk itilizasyon presi tankou nan bank, biwo transfè, oswa pou fè demach nan biwo leta. Malgre itilizasyon sa yo ki pa twò souvan, anpil moun remake kat la pa ka kenbe tèt li : li efase vit, li pliye, li fann, e pafwa done yo vin prèske pa lizib.
Sitwayen yo pa kache kòlè yo kont Biwo Nasyonal Idantifikasyon (ONI), yo akize l de pa bay sèvis la jan sa dwe fèt. Kritik yo vin pi grav sitou nan yon kontèks ensekirite jeneralize, kote Lapolis souvan egzije kat idantite kòm pyès referans, pandan ke menm kat sa a pa fèt pou dire.
Nap raple, kat idantifikasyon nasyonal la te reyalize sou administrasyon ansyen prezidan Jovenel Moïse, kote madanm li Martine Moïse te angaje konpayi Dèmalòg pou pwodiksyon dokiman an. Depi plizyè ane deja, popilasyon an ap kritike move prezantasyon ak move kalite kat la, ki pa gen okenn sipò oswa pwoteksyon, menm lè li pa itilize souvan.
Pou anpil Ayisyen, kat idantifikasyon an, ki ta dwe yon zouti sekirite ak entegrasyon sivik, vin tounen yon sous pwoblèm ak enkyetid, san repons klè ni solisyon dirab nan men otorite konsène yo.






