Moun Ansapit fèmen yon sant sante, pou mande depa Medsen an chèf la

05 – 28 – 2024
Ansapit, Ayiti _____(TRiboLAND) Jounen madi 28 me 2024 la fè plizyè jou depi moun Ansapit fèmen sant sante komin nan, nan objektif pou egzije Direktè Medikal la, Doktè Lamartine Pierre Fils rache manyòk li bay tè a blanch.
Sa ki sisite kòlè popilasyon an, se akoz yo pa jwenn sèvis nan sant sante a. Daprè sa divès moun rapòte, nan sant sante a pa menm gen twal gaz pou omwen pran swen yon moun ki gen yon ti blese, pa gen medikaman, epi Lopital la ap mal jere.
Moun nan kominotè a mande otorite yo, soti nan Direksyon depatmantal sante a, rive nan pi wo nivo Ministè sante piblik pou tande larezon epi kreye mwayen pou yo jwenn moso sèvis medikal.






